Pandan yo t ap vwayaje, yon gwo laperèz te vin sou vil ki te ozanviwon yo, e yo pa t swiv fis a Jacob yo.
2 Korent 5:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, avèk konesans lakrent Senyè a, nou menm ap fè tout moun kwè, men nou vin rekonèt devan Bondye; epi mwen espere ke nou rekonèt nan konsyans pa nou yo tou. 1998 Haïtienne Mwen konnen sa ki rele gen krentif pou Bondye, se poutèt sa m'ap chache mennen lèzòm vin kwè nan sa m'ap di. Bondye pou tèt pa l gentan konnen m nèt. Mwen ta swete nou menm nan fon kè nou, nou konnen m tou. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Nou konnen sa sa vle di gen krentif pou Bondye. Konsa, nou fè sa nou kapab pou ede lòt moun aksepte verite a. Bondye konnen ki kalite moun nou ye, epi mwen espere nan fon kè w ou konnen ki moun nou ye tou. |
Pandan yo t ap vwayaje, yon gwo laperèz te vin sou vil ki te ozanviwon yo, e yo pa t swiv fis a Jacob yo.
Paske flèch Toupwisan an fin antre anndan m; lespri m ap bwè pwazon. Gwo laperèz Bondye a vin alinye kont mwen.
Men kijan yo va detwi nan yon enstan! Y ap bale nèt ale avèk gran perèz kap rive sibitman!
Nan jou sa a, Ejipsyen yo va vin tankou fanm. Yo va tranble nan gwo laperèz akoz pase men ke SENYÈ a ap fè pase sou yo.
Pechè Sion yo vin sezi ak laperèz; tranbleman fin sezi enkwayan yo. Se kilès pami nou ki ka viv ak yon dife ki manje tout bagay? “Se kilès nan nou ki ka viv ak dife k ap brile tou tan an?”
Se kilès ki ka kanpe devan gwo kòlè Li? Kilès ki ka sipòte chalè kòlè Li? Se tankou dife kòlè Li vide; Li menm ki fè wòch yo kraze an mòso.
Epi pa pè sa ki kapab touye kò a men ki pa ka touye nanm nan. Men pito pè sila ki kapab detwi ni nanm nan, ni kò a nan lanfè.
“Men Mwen avèti nou kilès pou nou krent; krent Sila a ki lè L fin touye, gen otorite pou jete nan lanfè; wi, Mwen di nou, krent Li!
“Men li te di yo: ‘Si yo pa koute Moïse avèk pwofèt yo, nonpli, yo p ap kwè menm si yon moun leve soti nan lanmò.
Alò, lè sinagòg la te lage, anpil nan Jwif yo ak pèp etranje ki te vin krent Bondye yo, te swiv Paul ak Barnabas. Yo te pale avèk yo pou ankouraje yo kontinye nan gras Bondye a.
Nou wè ak tande ke non sèlman an Éphèse, men nan prèske tout Asie a, Paul sila a gen tan fè kwè e detounen yon kantite konsiderab nan pèp la. L ap di ke dye ki fèt pa men yo se pa dye yo ye menm.
Paske Wa a okuran de tout bagay sila yo, e mwen pale ak li osi avèk konfyans, akoz ke m konvenk ke anyen nan bagay sila yo pa kapab chape anba atansyon li, akoz ke nanpwen anyen ki fèt nan yon kwen.
Lè yo te fikse yon jou pou Paul, yo te vini kote lojman li an an gran nonb. Li t ap eksplike yo nan temwayaj klè e konplè de wayòm Bondye a ak nan eseye fè yo kwè konsènan Jésus, soti nan Lalwa Moïse la ak nan pwofèt yo depi granmmaten jis rive nan aswè.
Paske nou pa tankou anpil moun, k ap vann pawòl Bondye a. Men nan senserite, devan ze Bondye, nou pale nan Kris.
Konsa, nou se ambasadè pou Kris, tankou si Bondye t ap sèvi nou pou sipliye lòt. Pou sa a, nou priye nou nan non a Kris la pou nou vin rekonsilye ak Bondye.
Epi nan travay ansanm avèk Li menm, nou osi ankouraje ou pou nou pa resevwa lagras Bondye a anven.
Alò, èske koulye a mwen ap chache favè lòm, oubyen Bondye? Oubyen èske m ap fòse fè lòm plezi? Si mwen t ap toujou eseye fè lòm plezi, mwen pa t ap yon sèvitè a Kris la.
sove lòt. Rachte yo menm nan dife a ak laperèz, epi sou kèk fè mizerikòd avèk rayisman menm pou rad ki te salè pa lachè.