Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




2 Korent 13:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Paske nou pa kapab fè anyen kont verite a, men sèlman pou verite a.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Nou pa ka fè anyen ki kont verite Bondye a, se pou li ase nou ka travay.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Nou pa ka fè anyen kont verite a, men nou dwe toujou kanpe pou verite a.

Gade chapit la



2 Korent 13:8
20 Referans Kwoze  

Michée te di: “Si ou, anverite, retounen san ke mal pa rive, SENYÈ a pa t fè m pale.” Epi li te di: “Koute, tout pèp nou an!”


Nanpwen sajès, ni bon konprann, ni konsèy kont SENYÈ a.


Tankou yon ti zwazo k ap sove ale, tankou yon ti iwondèl nan vòl li, se konsa yon madichon san koz p ap poze.


Men Jésus te di: “Pa anpeche li, paske pa gen moun k ap fè yon mirak nan non Mwen, e apre byen vit ki ka pale mal de Mwen.


Paske menm si m ta vante tèt mwen yon ti kras anplis pou otorite nou ke Senyè a te bay pou bati nou menm e pa pou detwi nou, mwen p ap wont.


Pou rezon sa a, mwen ap ekri bagay sa yo pandan mwen pa la a, jis pou lè m la, mwen p ap bezwen itilize severite mwen, selon otorite ke Senyè a te ban mwen pou bati e pa pou detwi.


Koulye a, n ap priye Bondye pou ou pa fè okenn mal; se pa pou nou kapab parèt kòmsi nou vin apwouve, men pou ou kapab fè sa ki bon, menmsi li sanble nou pa apwouve.


Paske nou rejwi lè nou fèb e ou menm vin gen fòs. Se pou sa n ap priye; ke ou kapab vin konplè.


Pami sila yo, se Hyménée ak Alexandre, ke mwen te livre a Satan pou yo kab aprann pou yo pa fè blasfèm.