Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




1 Wa 4:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Salomon te gen douz depite sou tout Israël, ki te fè pwovizyon pou wa a avèk lakay li. Chak mesye yo te oblije bay pwovizyon yo pou yon mwa chak ane.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Salomon te chwazi douz gouvènè pou tout peyi a. Travay yo se te ranmase manje nan zòn sou reskonsabilite yo pou wa a ak tout moun lakay li yo, yo chak pandan yon mwa nan lanne a.

Gade chapit la



1 Wa 4:7
6 Referans Kwoze  

“Papa ou te fè jouk nou rèd. Alò pou sa, fè sèvis di a papa ou vin pi lejè e mwens lou ke li te mete sou nou e nou va sèvi ou.”


Azaria, fis a Nathan an te sou depite yo; epi Zabud, fis a Nathan an, yon prèt, te zanmi a wa a;


epi Achischar te sou tout afè kay la; epi Adoniram, fis a Abda a te sou mesye travo fòse yo.


Sila yo se non pa yo: Ben-Hur, nan peyi ti kolin Éphraïm yo.


Lè Hiram te tande pawòl a Salomon yo, li te rejwi anpil. Li te di: “Beni se SENYÈ a nan jou sila a, ki te bay a David yon fis ki saj sou gran pèp sa a.”