1 Wa 1:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Yo te pale wa a, e te di: “Men Nathan, pwofèt la.” Konsa, lè l te antre devan wa a, li te pwostène kò l devan wa a avèk figi li atè. 1998 Haïtienne Yo vin di wa a men pwofèt Natan la. Natan antre, li tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè devan wa a. |
Nathan te di: “Mèt mwen, wa a, èske ou te di: ‘Adonaja va wa apre mwen e li va chita sou twòn mwen an’?
Bay yo tout sa ke nou dwe yo; taks a sila nou dwe taks yo, enpo a sila nou dwe enpo yo, lakrent a sila ke nou dwe krent yo, onè a sila ke nou dwe onè yo.
Lè jennonm nan te fin ale, David te leve soti nan fas sid la. Li te tonbe sou figi li atè e li te bese ba twa fwa. Epi yo te bo youn lòt e te kriye ansanm, men David te kriye plis.