Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




1 Timote 3:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

(men si yon moun pa konnen kijan pou l jere pwòp kay li, kijan li va pran swen legliz Bondye a?)

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Paske, si yon nonm pa konn dirije pwòp fanmi l, kouman li ka dirije legliz Bondye a?

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Paske, si yon moun pa kapab dirije pwòp mezon li, kijan l ap kapab pran swen Legliz Bondye a?

Gade chapit la



1 Timote 3:5
8 Referans Kwoze  

“Veye byen pou nou menm, e pou tout bann twoupo a, pami sila Lespri Sen an te fè nou gadyen, pou fè bèje a legliz Bondye a, legliz ke Li te achte avèk pwòp san Li.


Pa ofanse ni Jwif, ni Grèk, ni legliz Bondye a.


Epi Li te mete tout bagay an soumisyon anba pye Jésus, e te fè Li tèt sou tout bagay a legliz la,


Men jan legliz la soumèt a Kris la, menm jan an madanm yo dwe soumèt yo a mari yo nan tout bagay.


Mistè sa a gran, men m ap pale avèk referans a Kris ak legliz la.


men an ka ke mwen pran reta, mwen ekri yo pou nou kab konnen kijan yon moun ta dwe kondwi tèt li nan kay Bondye a, ki se legliz a Bondye vivan an, ki se pilye ak soutyen verite a.


Paske Mwen te di li ke Mwen prèt pou jije lakay li pou tout tan pou inikite ke li te konnen yo. Akoz fis li yo te mennen yon madichon sou pwòp tèt yo, e li pa t repwoche yo.