Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




1 Samyèl 30:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Lè David avèk mesye li yo te vini nan vil la, vwala, li te brile avèk dife. Madanm yo ak fis pa yo e fi pa yo te pran an kaptivite.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Lè David rive ak mesye l yo, yo jwenn lavil la te boule nèt epi madanm yo, pitit gason yo ak pitit fi yo pat la. Moun yo te pati ak yo tout.

Gade chapit la



1 Samyèl 30:3
7 Referans Kwoze  

Anpil, se afliksyon a moun dwat la, men SENYÈ a delivre li sòti nan yo tout.


Paske sila ke Bondye renmen yo, Li disipline yo, e Li fwete tout fis ke L resevwa.”


Gade byen, Mwen va koze sila ki nan sinagòg Satan yo, ki di ke yo se Jwif, men ki pa sa a, kap manti—Mwen va fè yo vin bese nan pye nou, e fè yo konnen ke Mwen renmen nou.


Epi David te viv avèk Akisch nan Gath, li menm avèk mesye pa li yo, chak moun avèk tout moun lakay yo. David te avèk de madanm pa li yo, Achinoam Jizreyelit la ak Abigaïl, Kamelit la, vèv a Nabal la.


Anplis, yo te pran an kaptivite fanm ki te ladann yo, ni piti ni gran, san touye pèsòn, yo te pran yo e ale fè wout yo.


Alò David avèk moun ki te avè l yo te leve vwa yo e te kriye jiskaske yo pa t gen fòs nan yo pou kriye.