1 Samyèl 24:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, apre David te leve ale deyò kav la. Li te rele Saül e te di: “Mèt mwen, Wa a!” Epi lè Saül te gade dèyè li. David te bese avèk figi li atè e te fè kò l kouche nèt. 1998 Haïtienne Lè sa a, David sòti dèyè l, li rele l: — Monwa! Monwa! Sayil vire gade dèyè li. David tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè. |
Bath-Schéba te bese avèk figi li atè devan wa a. Li te di: “Ke mèt mwen an, Wa David, viv pou tout tan.”
Onore papa ou avèk manman ou, pou jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou.
Bay yo tout sa ke nou dwe yo; taks a sila nou dwe taks yo, enpo a sila nou dwe enpo yo, lakrent a sila ke nou dwe krent yo, onè a sila ke nou dwe onè yo.
Lè jennonm nan te fin ale, David te leve soti nan fas sid la. Li te tonbe sou figi li atè e li te bese ba twa fwa. Epi yo te bo youn lòt e te kriye ansanm, men David te kriye plis.
David te konvenk mesye pa l yo avèk pawòl sila yo, li te anpeche yo leve kont Saül. Epi Saül te leve e te kite kav la pou t al fè wout li.
David te di a Saül: “Poukisa ou koute pawòl a moun k ap di: ‘Gade byen, David ap chache fè ou mal!’?
Saül te rekonèt vwa a David, e te di: “Èske se vwa ou, fis mwen, David?” David te di: “Se vwa m, mèt mwen, wa a.”
Li te di li: “Se ak kilès ke li sanble?” Epi li te di: “Yon granmoun k ap monte e li vlope nan yon manto.” Epi Saül te konnen ke se te Samuel. Li te bese avèk figi li atè pou te rann omaj.