Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




1 Samyèl 22:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Konsa, David te kite la pou te chape rive nan kav Adullam nan. Epi lè frè li yo avèk tout lakay papa li te tande koze sa a, yo te desann bò kote li.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

David kite lavil Gat, li sove, l'al kache nan yon gwòt toupre lavil Adoulam. Lè frè l yo ak rès fanmi li vin konn sa, yo tout desann al jwenn li la.

Gade chapit la



1 Samyèl 22:1
13 Referans Kwoze  

Epi li te vin rive nan lè sa a ke Judas te kite frè l yo, pou te vizite yon sèten Adilamit ki te rele Hira.


Alò, twa nan trant mesye chèf yo te desann vè wòch kav Adullam nan, pandan lame Filisten yo t ap fè kan nan vale Rephaïm nan.


Mwen va beni SENYÈ a nan tout tan. Lwanj Li va toujou nan bouch mwen.


Anplis, Mwen va mennen bay nou sila k ap pran posesyon nou an, O nou menm k ap viv nan Maréscha yo! Glwa Israël la va antre menm nan Adullam.


Paske gade byen, SENYÈ a ap vin sòti nan plas Li a. Li va vin desann pou foule wo plas latè yo.


moun ke mond lan pa menm merite yo— Yo te gaye kò yo nan dezè, mòn, nan kavo, ak twou nan tè yo.


wa a Libna a, youn; wa a Adulam nan, youn;


Jarmuth, Adullam, Soco, Azéka,


Mesye a David yo te di a li menm: “Gade byen, men jou ke SENYÈ a te di ou a: ‘Gade byen, Mwen prèt pou livre lènmi ou an nan men ou, e ou va fè a li menm sa ki sanble bon pou ou’”. Alò David te leve e san fè bwi, te koupe arebò manto a Saül la.