Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




1 Samyèl 19:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Mwen va sòti e kanpe akote papa m nan chan kote ou ye a. Mwen va pale avèk papa m selon ou menm. Epi si mwen vin konprann yon bagay, alò, mwen va di ou.”

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Mwen menm, m'ap sòti, mwen pral jwenn papa m nan jaden kote ou kache a, m'a pale sou ou ak li. Jan l reponn mwen, m'a fè ou konnen.

Gade chapit la



1 Samyèl 19:3
4 Referans Kwoze  

Yon zanmi renmen tout tan; yon frè fèt pou move tan.


Pou sa, Jonathan te pale David. Li te di: “Papa m vle mete ou a lanmò. Pou sa, souple, veye anpil nan maten an. Ale nan kote kache a, e rete la.


Si se volonte a papa m pou fè ou mal, kite SENYÈ a fè menm jan an ak Jonathan e menm plis toujou, si mwen pa fè ou konnen e voye ou ale, pou ou kab sòti ansekirite. Epi ke Bondye kapab avèk ou menm jan ke li te ye avèk papa m nan.


Jonathan te di: “Sa se lwen de sa! Paske si mwen ta konprann ke papa m te detèmine pou fè ou mal; alò, èske mwen pa t ap di ou sa?”