“Alò, pou sa, lè mwen rive vè sèvitè ou, papa m, e pou jènjan an pa la avèk nou, paske lavi li mare ansanm avèk lavi jènjan an,
1 Samyèl 18:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, li te vin rive ke lè li te fin pale avèk Saül, ke nanm Jonathan te vin atache a nanm David, e Jonathan te renmen li tankou pwòp tèt li. 1998 Haïtienne Lè David fin pale ak Sayil, kè Jonatan, pitit gason Sayil la, vin louvri pou David. Li vin renmen l tankou li renmen tèt pa li. |
“Alò, pou sa, lè mwen rive vè sèvitè ou, papa m, e pou jènjan an pa la avèk nou, paske lavi li mare ansanm avèk lavi jènjan an,
Mwen twouble pou ou, frè m Jonathan. Ou te konn fè m byen kontan. Lanmou ou te yon bèl bagay. Lanmou ou te pi presye ke lanmou a yon fanm.
David te sòti pou rankontre yo. Li te di yo: “Si se nan lapè nou vin kote mwen, pou ede m, kè m va reyini ansanm avèk nou. Men si se pou trayi mwen a advèsè mwen yo, akoz nanpwen mal nan men m, ke Bondye a zansèt nou yo gade sou sa pou deside.”
Montre m chemen Ou an, O SENYÈ. Mwen va mache nan verite Ou. Fè kè m dispoze pou krent non Ou.
Yon nonm ak anpil zanmi vin kraze nèt; men gen yon kalite zanmi ki rete pi pwòch pase yon frè.
“Si frè ou a, fis a manman ou a, oswa fis pa w la, oswa fi pa w la, oswa madanm ke nou renmen anpil la, oswa zanmi nou ki tankou pwòp nanm nou an, vin sedwi nou an sekrè pou di: ‘Annou ale sèvi lòt dye yo,’ (ke ni nou menm ni zansèt nou yo, pa t konnen),
pou kè pa yo kapab ankouraje, akoz ke yo vin trese ansanm nan lanmou an. Se konsa yo atenn tout richès ki sòti nan asirans konplè a bon konprann nan, ki pwodwi kòm rezilta, vrè konesans mistè Bondye a, ki se Kris la, Li menm.
Men pèp la te di a Saül: “Èske fòk Jonathan ta mouri, ki te fè reyisi gran delivrans sa a an Israël? Lwen de sa! Kòm SENYÈ a viv la, pa menm yon cheve nan tèt li p ap tonbe atè; paske li te fè travay Bondye nan jou sa a.” Konsa, pèp la te sove Jonathan pou li pa t mouri.
Alò, Saül te pale Jonathan, fis li a ak tout sèvitè li yo pou mete David a lanmò. Men Jonathan fis a Saül la te fè kè kontan anpil akoz David.
Pou sa, Jonathan te pale David. Li te di: “Papa m vle mete ou a lanmò. Pou sa, souple, veye anpil nan maten an. Ale nan kote kache a, e rete la.
Jonathan te fè David fè ve a ankò akoz ke li te renmen li e akoz li te renmen li tankou li te renmen pwòp vi pa li.
Pou sa, aji avèk bon kè avèk sèvitè ou a; paske ou te mennen sèvitè ou antre nan yon akò a SENYÈ a avèk ou. Men si gen inikite nan mwen, mete m a lanmò ou menm; paske poukisa, si se konsa, ou ta dwe mennen mwen kote papa ou?”
Paske nou tout te fè konplo kont mwen jiskaske pèsòn pa t fè m konnen lè fis mwen an te fè yon akò avèk fis a Jesse a. Nanpwen nan nou ki gen regrè pou mwen, ni ki di mwen ke fis mwen an te fòse sèvitè pa m yo kont mwen pou kouche an anbiskad, jan li ye la jodi a.”
Konsa, yo de a te fè yon akò devan SENYÈ a. Epi David te rete Horès pandan Jonathan te ale lakay li a.