1 Samyèl 12:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Samuel te di a tout Israël: “Gade byen, mwen te koute vwa nou nan tout sa ke nou te di m yo e mwen te chwazi yon wa sou nou. 1998 Haïtienne Samyèl di moun pèp Izrayèl yo: — Nou wè mwen fè tou sa nou te mande m fè. Mwen ban nou yon wa pou gouvènen nou. |
Konsa, Samuel te pran poban lwil la. Li te vide li sou tèt li. Li te bo li e te di: “Èske SENYÈ a pa t onksyone ou kòm prens sou eritaj Li a?
Samuel te di a tout pèp la: “Èske nou wè sila ke SENYÈ a te chwazi a? Anverite, nanpwen lòt moun ki tankou li pami tout pèp la.” “Konsa, tout pèp la te rele fò. Yo te di: “Viv Wa a!”
Alò pou sa, koute vwa pa yo. Malgre, ou va avèti yo solanèlman e fè yo konnen prensip a wa ki va renye sou yo a.”