Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




1 Samyèl 11:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Li te pran yon pè bèf k ap rale chaj, e li te koupe yo an mòso. Li te voye yo toupatou nan teritwa Israël la nan men mesaje yo. Li te di: “Nenpòt moun ki pa vin parèt apre Saül, e apre Samuel, se konsa l ap rive pou bèf pa li yo.” Konsa, lakrent SENYÈ a te tonbe sou pèp la e yo te sòti tankou yon sèl moun.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Li pran de bèf, li rache yo fè moso, epi li voye mesaje pote moso vyann yo nan tout peyi Izrayèl la avèk mesaj sa a: — Tout moun ki va derefize mache dèyè Sayil ak Samyèl nan batay la, n'ap koupe tèt bèf yo tankou bèf sa a. Senyè a voye yon sèl lapèrèz sou pèp la. Yo tout leve avèk menm lide nan tèt yo, yo vin jwenn Sayil.

Gade chapit la



1 Samyèl 11:7
8 Referans Kwoze  

Pandan yo t ap vwayaje, yon gwo laperèz te vin sou vil ki te ozanviwon yo, e yo pa t swiv fis a Jacob yo.


Yo te detwi tout vil ki te antoure Guérar yo, paske laperèz SENYÈ a te fin tonbe sou vil yo. Epi yo te depouye tout vil yo, paske yo te gen anpil piyaj.


Alò, lakrent SENYÈ a te sou tout wayòm ki te antoure Juda yo, jiskaske yo pa t fè lagè kont Josaphat.


Pou sa, kite lakrent SENYÈ a rete sou nou. Fè anpil atansyon nan sa n ap fè a, paske SENYÈ a, Bondye nou an, p ap patisipe nan sa ki pa dwat, nan patipri, ni nan lajan ki pase anba tab.”


Se SENYÈ dèzame yo ke ou dwe gade kon sen. Se Li k ap vin lakrent ou. Se li k ap fè w etone.


Lè li te antre lakay li, li te pran yon kouto, li te mete men li sou mennaj li a e te koupe li fè douz mòso, manm pa manm e te ranvoye li toupatou nan tout teritwa Israël la.


Konsa, tout fis Israël yo depi Dan jis rive Beer-Schéba, menm avèk peyi Galaad la te sòti e kongregasyon an te rasanble kòm yon sèl òm a SENYÈ a nan Mitspa.