1 Samyèl 1:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Selon Anne, li t ap priye nan kè l, men se sèl lèv li ki t ap mache, e vwa li pa t fè bwi. Konsa, Éli te sipoze ke li te sou. 1998 Haïtienne Men, Ana t'ap lapriyè nan kè l. Se bouch li ase ki t'ap bat, konsa moun pat ka tande sa l'ap di a. Lè sa a, Eli te konprann se sou li te sou. |
SENYÈ dèzame yo va defann yo. Yo va devore, e yo va foule anba pye ak tout wòch fistibal yo. Yo va bwè, e fè bwi tankou se diven y ap bwè. Epi yo va vin ranpli tankou basen sakrifis, tankou kwen lotèl yo.
Menm jan an, Lespri a ede nou tou nan feblès nou; paske nou pa konnen kòman pou nou priye jan nou ta dwe priye a. Men Lespri a Li menm entèsede pou nou avèk soupi ki pa kapab eksprime.