1 Kwonik 7:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Fi li a se te Scheera, ki te bati ni ba ni wo Beth-Horon, avèk Uzzen-Schééra. 1998 Haïtienne Chera, pitit fi Berya a, bati Bètowon anba ak Bètowon anwo. Se li ki bati Ouzennchera tou. |
Epi li te vin antre nan madanm li, li te vin ansent, li te fè yon fis e li te bay li non Beria, akoz malè ki te rive lakay li a.
Anplis, li te bati Wo Beth-Horon an avèk Ba Beth-Horon an, vil fòtifye avèk miray, pòtay ak fè fòje;
Epi SENYÈ a te fè yo fè dega devan Israël. Li te touye yo avèk yon gwo masak nan Gabaon, Li te kouri dèyè yo nan chemen pant Beth-Horon e Li te frape yo jis rive Azéka, avèk Makkéda.
Li te kouri desann vè lwès nan teritwa a Jafletyen yo, jis rive nan teritwa pati Beth-Horon ki piba a, jis rive nan Guézer; epi li te fè bout li nan lanmè.
Men teritwa fis a Éphraïm yo selon fanmi pa yo: lizyè a eritaj pa yo, vè lès se te Atharoth-Addar, pou rive nan Wo Beth-Horon.