Lè Isaac te gen laj karant ane, li te pran Rebecca, fi Bethuel la, Araméen an nan kote Paddan-Aram, sè Laban an, Araméen an, pou vin madanm li.
1 Kwonik 7:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Fis a Manassé yo: Asriel, fèt pa ti mennaj Siryen li an; li te fè Makir, papa a Galaad. 1998 Haïtienne Men pitit gason Manase te fè ak fanm kay peyi Siri a: Asriyèl ak Maki, papa Galarad. |
Lè Isaac te gen laj karant ane, li te pran Rebecca, fi Bethuel la, Araméen an nan kote Paddan-Aram, sè Laban an, Araméen an, pou vin madanm li.
Joseph te wè twazyèm jenerasyon nan fis Ephraim yo, e anplis, fis a Makir yo, fis a Manassé a te fèt sou jenou a Joseph.
Makir te pran yon madanm pou Huppim ak Schuppim. Non a sè li a te Maaca. Non a dezyèm fis la te Tselophchad; epi Tselophchad te gen fi.
Alò fis Tselophchad yo, fis a Hépher a, fis a Galaad la, fis a Makir a, fis a Manassé a, nan fanmi a Manassé, fis a Joseph la, te vin rapwoche; epi sila yo se non a fi li yo: Machia, Noe, Hogla, Milca, ak Thirtsa,
Anplis, mwatye nan Galaad, avèk Aschtaroth ak Édréï, vil nan wayòm Og yo, nan Basan, te vin pou fis Makir yo, fis a Manassé yo, pou mwatye a fis Makir yo selon fanmi pa yo.
Sila yo rasinen nan Amalek te soti nan Epharïm. Yo t ap swiv ou, Benjamin, avèk pèp ou a. Soti nan Makir, kòmandan yo te desann. E soti nan Zabulon, sila ki voye baton pouvwa yo.