1 Kwonik 6:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Jochanan te vin papa a Azaria, ki te fè sèvis kon prèt nan kay ke Salomon te bati Jérusalem nan; 1998 Haïtienne Joanan te papa Azarya. Se li menm Azarya ki te sèvi prèt nan tanp Salomon te bati lavil Jerizalèm lan. |
Alò, Salomon te kòmanse bati lakay SENYÈ a Jérusalem sou Mòn Moriah, kote SENYÈ a te parèt a papa li a, David, nan plas ke David te prepare sou glasi vannen ki te pou Ornan, Jebizyen an.
Galri ki te devan kay la te menm longè avèk lajè kay la, ven koude e wotè a san-ven. Pa anndan li te kouvri kay la avèk yon kouch lò pi.