Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




1 Kwonik 27:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Sòti nan fis a Pérets yo, chèf a tout kòmandan lame a pou premye mwa a.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Se te yon moun nan fanmi Farèz. Li te kòmandan tout chèf lame ki te desèvis pou premye mwa a.

Gade chapit la



1 Kwonik 27:3
7 Referans Kwoze  

Men li te vin rive ke pandan li t ap rale men l tounen, frè l la te sòti avan. Epi li te di: “A la chemen ou gen tan fè pou kont ou!” Konsa, li te nonmen li Pérets.


Sou tèt a premye divizyon an pou premye mwa a te Jaschobeam, fis a Zabdiel la; nan divizyon pa li a te gen venn-kat-mil òm.


Sou tèt a divizyon dezyèm mwa a te Dodaï, Achochit la; Mikloth te youn nan chèf yo nan divizyon pa li yo; epi li te gen nan divizyon pa li a, venn-kat-mil òm.


Drapo kan Juda a selon lame pa yo, te sòti avan, avèk Nachschon, fis a Amminadab la sou lame pa li.


Fis a Juda yo selon fanmi pa yo te: Schéla, fanmi a Chelanit yo; a Peret, fanmi a Peretit yo; a Zérach, fanmi a Zerakit yo.


Alò, sila ki te prezante ofrann li nan premye jou a, se te Nachschon, fis a Amminadab nan tribi Juda a.