1 Kwonik 24:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Selon Jitsearit yo: Schelomoth; nan fis a Schelomoth yo: Jachath. 1998 Haïtienne Te gen Chelomòt nan fanmi Jizeya, Jaat nan fanmi Chelomòt. |
Fis a Hébron yo: Jerija, premye a, Amaria, dezyèm nan, Jachaziel, twazyèm nan, Jekameam, katriyèm nan.
Schelomith sila avèk fanmi li te gen chaj sou tout trezò a don konsakre ke Wa David avèk chèf lakay zansèt yo, kòmandan a dè milye, a dè santèn e kòmandan lame yo te dedye.
Pitit a Amram yo: Aaron avèk Moïse ak Marie. Fis a Aaron yo: Nadab, Abihu, Éléazar ak Ithamar.
Nan Kehath, te sòti fanmi a Amramit yo, fanmi Jitseharit yo, fanmi Ebwonit yo avèk fanmi Izyelit yo. Sila yo se te fanmi a Kehath yo.