Farawon te kòmande mesye pa l yo konsènan li, epi yo te akonpanye l ale, avèk madanm li, ak tout bagay ki te pou li yo.
1 Kwonik 22:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, li te rele fis li a, Salomon e te òdone li pou bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye Israël la. 1998 Haïtienne Lèfini, li voye chache Salomon, pitit gason l lan, li ba li lòd pou li bati Tanp Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la. |
Farawon te kòmande mesye pa l yo konsènan li, epi yo te akonpanye l ale, avèk madanm li, ak tout bagay ki te pou li yo.
Alò, li te vin rive ke pandan wa a te rete lakay li a, e SENYÈ a te ba li repo tout kote sou lènmi li yo,
Li te vin rive ke lè David te rete lakay li, ke David te di a Nathan, pwofèt la: “Gade byen, mwen rete nan yon kay fèt ak sèd, men lach akò SENYÈ a rete anba rido.”
Epi Wa David te leve sou pye li e te di: “Koute mwen, frè m yo ak pèp mwen an! Mwen te gen entansyon bati yon kay repo pou lach akò SENYÈ a e pou machpye Bondye nou an. Pou sa, mwen te fè preparasyon yo pou bati li.
Konsa, li te poze men li sou li e te bay li lòd komisyon an, jis jan ke SENYÈ a te pale pa Moïse la.
jis rive jou lè Li te monte nan syèl la apre Li te fin bay lòd selon Lespri Sen an, a apòt ke Li te chwazi yo.
Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Gade byen, lè pou ou mouri toupre. Rele Josué, e prezante nou menm nan tant asanble a, pou Mwen kapab ba li komisyon li.”
Epi li te bay Josué, fis a Nun nan, komisyon li, e te di: “Kenbe fèm e pran kouraj, paske ou va mennen fis Israël yo antre nan peyi ke mwen te sèmante a yo menm nan, epi mwen va avèk ou.”
Mwen solanèlman chaje ou nan prezans a Bondye, a Kris Jésus e a zanj chwazi Li yo, pou kenbe prensip sa yo san favorize pèsòn, e pa fè anyen nan yon lespri patipri.
Mwen anchaje ou solanèlman, nan prezans Bondye ak Kris Jésus a, ki dwe jije vivan ak mò yo, pa aparans ak wayòm Li an: