Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




1 Kwonik 18:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Lè Siryen nan Damas yo te vini ede Hadarézer, wa Tsoba a, David te touye venn-de-mil òm nan Siryen yo.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Moun Siri lavil Damas yo voye yon lame pou pote Adadezè, wa peyi Zoba a, konkou. David atake yo, li bat yo tou. Li touye venndemil (22.000) sòlda.

Gade chapit la



1 Kwonik 18:5
9 Referans Kwoze  

David osi te bat Hadarézer, wa Tsoba a, jis rive Hamath, e li te sòti pou ale etabli wayòm li jis rive nan Rivyè Euphrate la.


David te pran nan men Hadarézer, mil cha avèk sèt-mil chevalye ak ven-mil sòlda a pye. David te koupe jarèt a tout cheval a cha yo, men te konsève kont pou rale san cha.


Konsa, David te fè mete ganizon sòlda pami Siryen nan Damas yo. Siryen yo te vin sèvitè a David e te pote kontribisyon obligatwa. Nenpòt kote li te ale, SENYÈ a te ede David.


Lè fis a Ammon yo te wè ke yo te fè tèt yo rayisab a David, Hanun avèk fis a Ammon yo te voye mil talan ajan Mésopotamie pou achte sèvis a cha avèk chevalye Siryen ki te sòti nan Maaca avèk Tsoba.


Ou te fè latè tranble. Ou te fann li pou l ouvri. Geri brèch li yo, paske l ap sekwe.


Alò, lè Saül te pran plas chèf sou wayòm Israël la. Li te goumen kont tout lènmi li yo tout kote; kont Moab, fis a Ammon yo, Édom, wa a Zobah yo ak Filisten yo. Nenpòt kote li te vire li te pini yo.