Konsa, Thoï te voye Joram, fis li a kote Wa David pou salye li e fè li felisitasyon akoz li te goumen kont Hadadézer e te bat li. Paske Hadadézer t ap fè lagè avèk Thoï. Epi Joram te mennen avèk li bagay fèt an ajan, an lò, e an bwonz.
1 Kwonik 18:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen li te voye Hadoram, fis li a, kote wa David pou salye li e beni li; paske li te goumen kont Hadarézer e te bat li; paske Hadarézer t ap fè lagè avèk Thohu. Epi Hadoram te pote tout kalite bagay an lò avèk ajan ak bwonz. 1998 Haïtienne li voye pitit li, Adouram al wè David pou di l bonjou, epi pou fè l konpliman dèske li te bat Adadezè, paske Towou te toutan ap fè lagè ak Adadezè. Adouram te pote kado fèt an lò, an ajan ak an kwiv bay David. |
Konsa, Thoï te voye Joram, fis li a kote Wa David pou salye li e fè li felisitasyon akoz li te goumen kont Hadadézer e te bat li. Paske Hadadézer t ap fè lagè avèk Thoï. Epi Joram te mennen avèk li bagay fèt an ajan, an lò, e an bwonz.
Wa David te konsakre sa yo osi a SENYÈ a, avèk ajan ak lò ke li te rache pote soti nan men a tout nasyon yo: depi nan Edom, Moab, fis a Ammon yo, Filisten yo ak Amalekit yo.
Alò, lè Thohu, wa Hamath la, te tande ke David te fin bat tout lame a Hadarézer a, wa Tsoba a,
Alò, depi rèn Séba te tande afè rekonesans a Salomon an, li te vini Jérusalem pou fè pase Salomon a leprèv avèk kesyon ki te byen difisil. Li te gen yon gran konpanyen moun avèk chamo chaje avèk epis ak yon gran kantite lò, avèk pyè presye. Lè li te rive kote Salomon, li te pale avèk li selon tout sa ki te nan kè li.
Nan lè sa a Merodac-Baladan, fis a Baladan nan, wa Babylon nan, te voye lèt ak yon kado bay Ézéchias, paske li te tande ke li te malad, e li te refè.