1 Kwonik 17:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Selon tout pawòl sa yo e selon vizyon sila a, konsa Nathan te pale ak David. 1998 Haïtienne Natan rakonte David tou sa Bondye te fè l konnen nan vizyon an. |
Men Mwen va etabli li lakay Mwen ak nan wayòm Mwen an jis pou tout tan e twòn li an va etabli nèt pou tout tan.”’”
Konsa, wa David te antre e te chita devan SENYÈ a epi te di: “Se kilès mwen ye, O SENYÈ a, Bondye a e kisa lakay mwen ye pou Ou te mennen m rive jis isit la?
Pwofèt ki fè rèv la, kite li repete rèv li a. Epi sila ki gen pawòl pa M, kite l pale pawòl pa M nan ak verite. Kisa gen nan pay ki sanble ak sereyal?