David te di a tout asanble Israël la: “Si li sanble bon a nou menm e si li soti nan SENYÈ a, Bondye nou an, annou voye toupatou mesaje a fanmi pa nou ki rete nan peyi Israël yo e osi, a prèt avèk Levit ki avèk yo nan vil pa yo, avèk teren pa yo, pou yo kapab reyini ansanm avèk nou.
Epi Saül te di: “Annou desann dèyè Filisten yo lannwit lan, pran piyaj pami yo jis li fè klè nan maten e annou pa kite youn nan mesye yo vivan.” Epi yo te di: “Fè nenpòt sa ki sanble bon pou ou menm.” Konsa, prèt la te di: “Annou apwoche de Bondye isit la.”
Èske se jodi a ke m fenk kòmanse konsilte Bondye pou li? Lwen de mwen, sa! Pa kite wa a fè okenn move panse sou sèvitè li a, ni okenn moun lakay papa m; paske sèvitè ou a pa konnen anyen nan afè sila a.”
Konsa, David te fè demann a SENYÈ a. Li te mande L: “Èske mwen dwe ale atake Filisten sila yo?” Epi SENYÈ a te reponn David: “Ale atake Filisten yo pou delivre Keïla.”