Pou sa, jis jounen jodi a, fis Israël yo pa manje tandon ki tache nan gwo janm nan avèk anch ki sou jwenti a, akoz ke li te touche jwenti gwo janm nan tandon ki tache nan anch lan.
1 Kwonik 13:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, David te vin fache akoz kòlè SENYÈ a te pete kont Uzza. Li te rele plas sa a Pérets-Uzza jis rive jodi a. 1998 Haïtienne David menm te fache deske Senyè a te touye Ouza. Se konsa yo rele kote sa a Perèz-Ouza, ki vle di Chatiman-Ouza. Non sa a rete jouk jòdi a. |
Pou sa, jis jounen jodi a, fis Israël yo pa manje tandon ki tache nan gwo janm nan avèk anch ki sou jwenti a, akoz ke li te touche jwenti gwo janm nan tandon ki tache nan anch lan.
Konsa, kòlè SENYÈ a te brile kont Uzza, epi Bondye te frape li la pou mank respè li a. Li te mouri la akote lach BONDYE a.
Konsa, David te pè SENYÈ a nan jou sa a. Li te di: “Kijan lach SENYÈ a kapab rive kote mwen?”
Lakòlè SENYÈ a te brile kont Uzza e Li te frape li akoz li te lonje men l vè lach la; epi li te mouri la devan Bondye.
David te krent Bondye nan jou sa a, epi te di: “Kijan mwen kapab pote lach Bondye lakay mwen?”
Akoz nou pa t pote l nan kòmansman an, SENYÈ a, Bondye pa nou an, te fè yon sèl pete sou nou, paske nou pa t chache Li selon règ li yo.”
Osi, ke prèt ki pwoche toupre SENYÈ yo konsakre yo menm, oswa SENYÈ a va eklate kont yo.”
Epi Bondye te di a Jonas: “Èske ou gen bon rezon pou fache akoz lyann nan?” Jonas te reponn: “Mwen gen bon rezon pou m fache, menm jiska lanmò.”
Li te antere li nan vale a nan peyi Moab, anfas Beth-Peor, men okenn moun pa konnen plas antèman li, jis jodi a.
Epi Josué te poze douz wòch yo nan mitan Jourdain an nan plas kote pye a prèt yo ki te pote lach akò a te kanpe. Yo la, jis jodi a.