Alò, sila yo se chèf an tèt yo, mesye gran pwisans ke David te genyen yo, ki te bay li soutyen fò nan wayòm li a, pou fè l vin wa, selon pawòl a SENYÈ a pa Israël.
1 Kwonik 12:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Yo te ede David kont bann piyajè yo, paske yo tout te mesye pwisan, plen ak kouraj e te kapitèn nan lame a. 1998 Haïtienne Se yo menm ki te ede David ansanm ak lame a, paske se te yon bann vanyan sòlda. Apre sa, yo te gwo chèf nan lame a. |
Alò, sila yo se chèf an tèt yo, mesye gran pwisans ke David te genyen yo, ki te bay li soutyen fò nan wayòm li a, pou fè l vin wa, selon pawòl a SENYÈ a pa Israël.
Lè l te ale Tsiklag, men moun Manassé ki te parèt yo: Adnach, Jozabad, Jediaël, Micaël, Jozabad, Élihu ak Tsilthaï, chèf a dè milye nan Manassé yo.
Sila yo se te tèt lakay zansèt yo, menm Épher, Jischeï, Éliel, Azriel, Jérémie Hodavia ak Jachrenom; mesye gwo kouraj yo, chèf lakay zansèt pa yo.