Abram te pase nan peyi a jis rive Sichem, nan chenn Moré yo. Alò nan tan sa a, Kanaaneyen yo te nan peyi a.
1 Kwonik 10:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen tout mesye gwo kouraj yo te leve e pran kò a Saül avèk kò a fis li yo pou te pote yo Jabès, yo te antere yo anba chenn nan Jabès e te fè jèn pandan sèt jou. 1998 Haïtienne tout mesye ki te brave danje yo leve, y'al pran kadav Sayil la ansanm ak kadav pitit gason l yo, yo tounen ak yo lavil Jabès. Yo antere zosman yo anba pye tonmaren ki nan lavil Jabès la. Apre sa, yo pase sèt jou san manje. |
Abram te pase nan peyi a jis rive Sichem, nan chenn Moré yo. Alò nan tan sa a, Kanaaneyen yo te nan peyi a.
Alò, Débora, nouris Rebecca a, te mouri, e li te antere anba Béthel anba chenn nan. Bwa sa a te rele Allon-bacuth (ki vle di chenn k ap kriye a).
Lè yo te vin nan glasi vannen kote Athad la, glasi ki lòtbò Jourdain an, yo te fè anpil kriye avèk gwo lamantasyon byen tris. Li te obsève sèt jou lamantasyon pou papa li.
Alò, tout pèp la te vini pou konvenk David manje pen pandan li te toujou nan lajounen, men David te fè ve e te di: “Ke Bondye fè m sa e menm plis, si mwen goute pen oswa nenpòt lòt bagay avan solèy la vin kouche.”
Alò Nachasch, Amonit la te vin monte pou te fè syèj sou Jabès nan Galaad; epi tout mesye Jabès yo te di a Nachasch: “Fè yon akò avèk nou e nou va sèvi ou.”
Yo te di a mesaje ki te vini yo: “Konsa nou va pale a mesye a Jabés-Galaad la: ‘Demen, soti nan lè solèy la fè cho, ou va genyen delivrans ou.’” Konsa mesaje yo te ale pale mesye Jabés yo; epi yo te kontan.
tout mesye vanyan yo te leve mache tout nwit lan pou te pran kò Saül la avèk kò a fis pa li yo soti nan miray Beth-Schan lan. Lè yo te rive Jabès yo te brile yo la.