Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




1 Kwonik 1:44 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Béla te mouri; epi Jobab, fis a Zérach ki sòti Botsra a, te renye nan plas li.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Lè Bela mouri, se Jobab, pitit gason Zerak, moun lavil Bozra, ki te gouvènen nan plas li.

Gade chapit la



1 Kwonik 1:44
5 Referans Kwoze  

Nepe SENYÈ a plen ak san. Li kouvri ak grès, ak san jenn mouton, ak bouk yo, ak grès a ren belye. Paske SENYÈ a gen yon sakrifis nan Botsra, ak yon gwo masak nan peyi Édom.


Se kilès sa ki sòti Edom an, avèk vètman Botsra byen kolore a? Kilès sila a, ak abiman majeste Li, k ap mache nan grandè ak fòs li a? “Se Mwen menm ki pale nan ladwati, ki pwisan pou delivre a.”


Paske Mwen te sèmante pa Mwen menm”, deklare SENYÈ a: “ke Botsra va devni yon objè degoutan, yon repwòch, yon pil mazi kraze ak yon malediksyon. Tout vil li yo va vin pil mazi.”


Pou sa, Mwen va voye dife sou Théman, e li va devore tout sitadèl Botsra yo.”


Anverite, Mwen va rasanble nou tout, O Jacob! Anverite, Mwen va ranmase retay Israël yo. Mwen va mete yo ansanm tankou mouton nan pak; tankou yon bann mouton nan mitan patiraj yo. Y ap plenn ak moun.