Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




1 Korent 7:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Men a lòt yo se mwen menm ki di l, se pa Senyè a, ke si yon frè gen yon madanm ki se yon enkwayan, e li dakò viv avèk li, fòk li pa divòse avèk li.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Pou lòt yo menm, men sa m'ap di (fwa sa a, sa se konsèy pa mwen, sa pa sòti nan Senyè a): Si yon mari ki gen konfyans nan Kris la gen yon fanm ki pa gen konfyans nan Kris la, epi si fanm lan dakò pou l kontinye viv avè l, mari a pa gendwa mete l deyò.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Men konsèy mwen gen pou lòt moun yo. Senyè a pa t abòde aspè sa a nan ansèyman l yo. Si yon mari kwayan gen yon madanm ki pa kwayan ki dakò pou rete viv avè l, li pa dwe divòse avè l.

Gade chapit la



1 Korent 7:12
8 Referans Kwoze  

Men si li kite li, li dwe rete san marye, oswa rekonsilye avèk mari li. Ni mari a pa dwe divòse avèk madanm li.


Epi yon fanm ki gen yon mari ki pa kwayan, e li dakò viv avèk li, li pa dwe voye mari li ale.


Alò konsènan vyèj yo, mwen pa gen okenn lòd Senyè a, men mwen bay yon refleksyon kòm yon moun ki pa mizerikòd Senyè a dign de konfyans.


Èske ou mare ak yon madanm? Pa chache vin lib. Èske ou lib de yon madanm? Pa chache yon madanm.


Men sa mwen vin di kòm yon konsesyon ak nou, men pa kòm yon lòd.


Sa m ap di a, mwen p ap di li jan Senyè a ta pale, men yon jan fou, konsi, m ap vante tèt mwen an.