Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




1 Korent 7:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Men a sila ki marye yo, mwen bay lòd sa yo. Se pa mwen, men se Senyè a ki bay li, ke madanm nan pa dwe kite mari li

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Kanta pou moun marye yo, men lòd m'ap ba yo - Sa pa soti nan mwen non, men nan Senyè a menm: Madanm pa dwe separe ak mari.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Pou moun ki marye yo, m ap pase nou yon lòd. An reyalite, se Senyè a li menm ki pase lòd sa a: yon madanm pa dwe separe ak mari li.

Gade chapit la



1 Korent 7:10
13 Referans Kwoze  

“Anverite, kon yon fanm fè trèt pou kite mari li, se konsa ou te fè trèt kite Mwen, O lakay Israël”, deklare SENYÈ a.


Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki voye madanm li ale, sof pou enfidelite, fè l komèt adiltè, e nenpòt moun ki marye avèk yon fanm divòse fè adiltè.


Kèk Farizyen te vin kote L pou sonde L, e te kesyone L pou si li te pèmi pou yon mesye divòse ak madanm li.


“Nenpòt moun ki divòse ak madanm li pou marye avèk yon lòt fè adiltè; e sila a ki marye a youn ki divòse ak yon mari, fè adiltè.


Men si li kite li, li dwe rete san marye, oswa rekonsilye avèk mari li. Ni mari a pa dwe divòse avèk madanm li.


Men a lòt yo se mwen menm ki di l, se pa Senyè a, ke si yon frè gen yon madanm ki se yon enkwayan, e li dakò viv avèk li, fòk li pa divòse avèk li.


Men si sila ki enkwayan an ale, kite l ale. Frè a oswa sè a pa mare nan ka sila yo, men Bondye rele nou nan lapè.


Alò konsènan vyèj yo, mwen pa gen okenn lòd Senyè a, men mwen bay yon refleksyon kòm yon moun ki pa mizerikòd Senyè a dign de konfyans.


Men nan refleksyon pa m, l ap pi kontan si li rete jan li ye a. E mwen panse osi ke m gen Lespri Bondye a avè m.


Men sa mwen vin di kòm yon konsesyon ak nou, men pa kòm yon lòd.