Latè te pwodwi bagay vèt, plant ki donnen grenn selon espès pa yo, ak pyebwa ki pwodwi fwi avèk grenn sou yo selon espès pa yo. Bondye te wè ke sa te bon.
1 Korent 2:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Paske kilès ki te konnen refleksyon Senyè a, pou li ta enstwi Li?” Men se panse a Kris nou genyen. 1998 Haïtienne Jan sa ekri nan Liv la: Ki moun ki konnen sa k'ap pase nan tèt Mèt la? Ki moun ki pou moutre l sa pou l fè? Men nou menm, nou konnen sa ki nan lide Kris la. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Paske Bib la di: Ki lès ki konnen sa ki nan tèt Senyè a? Ki lès ki ka ba li konsèy? Men nou menm nou resevwa panse ki soti nan tèt kris la. |
Latè te pwodwi bagay vèt, plant ki donnen grenn selon espès pa yo, ak pyebwa ki pwodwi fwi avèk grenn sou yo selon espès pa yo. Bondye te wè ke sa te bon.
“Èske yon nonm plen kouraj kapab itil a Bondye? Byen klè yon nonm saj se itil a pwòp tèt li.
“Èske li k ap jwenn fot va fè kont ak Tou Pwisan an? Kite li ki repwòche Bondye reponn sa.”
Men se kilès ki te kanpe nan konsèy a SENYÈ a, pou l ta wè e tande pawòl li? Kilès ki te prete atansyon a pawòl Mwen, e te koute l?
Mwen p ap rele nou esklav ankò, paske yon esklav pa konnen kisa mèt li ap fè. Men Mwen rele nou zanmi, paske tout bagay ke Mwen tande nan Papa M, Mwen fè nou konnen.
Paske a yon moun pawòl sajès la bay selon Lespri a, e a yon lòt pawòl konesans lan selon menm Lespri a.