1 Korent 2:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske kilès pami lòm ki konnen panse a lòm eksepte lespri a lòm ki anndan li menm nan? Menm jan an, panse a Bondye yo; pèsòn pa konnen yo eksepte Lespri Bondye a. 1998 Haïtienne Pran nenpòt moun: Kilès ki ka konnen sa ki nan kè li? Se lespri ki nan li a sèlman ki ka konn sa. Konsa tou, sèl Lespri Bondye a konnen tout bagay ki nan Bondye. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Ki yès ki konnen tout panse k ap travèse yon moun si se pa pwòp lespri li? Menm jan an tou, pèsonn pa konn panse Bondye, eksepte Lespri Bondye. |
Yon plan nan kè moun se tankou dlo fon; men yon nonm ak bon konprann rale l fè l sòti.
Kè lòm plen manti plis ke tout lòt yo. Nanpwen lasante ladann nan. Se kilès ki ka konprann li?
Paske a yon moun pawòl sajès la bay selon Lespri a, e a yon lòt pawòl konesans lan selon menm Lespri a.
Paske a nou menm Bondye te revele yo pa Lespri a. Paske Lespri a toujou sonde tout bagay, menm jis nan pwofondè Bondye a.