Gade byen, sa se yon ti kras bagay de tout chemen L yo. Epi a la ti kras souf pawòl nou konn tande de Li! Men tonnè pwisans Li an! Se kilès ki kab konprann li?
1 Korent 13:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske nou konnen yon ti pati e nou pwofetize yon ti pati; 1998 Haïtienne Paske sa nou konnen an, se ti zing nou konnen li. Mesaj Bondye a se yon ti kal nou rive bay ladan li. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Y ap disparèt paske konesans nou gen kounye a limite anpil, menm ata pwofesi yo gen limit yo. |
Gade byen, sa se yon ti kras bagay de tout chemen L yo. Epi a la ti kras souf pawòl nou konn tande de Li! Men tonnè pwisans Li an! Se kilès ki kab konprann li?
Anpil, O SENYÈ Bondye mwen an, se mèvèy ke Ou te fè yo, ak panse Ou yo anvè nou. Nanpwen ki kab konpare avèk Ou. Si m ta deklare yo e pale sou yo tout, yo ta vin twòp pou m ta kab konte.
Kilès ki te monte nan syèl la e te desann? Kilès ki te ranmase van nan ponyèt li? Kilès ki te vlope dlo nan vètman li? Kilès ki te etabli tout pwent tè yo? Ki non li e ki non fis Li a? Asireman, ou konnen!
Papa M fin lonje ban Mwen tout bagay. Pèsòn pa konnen Fis la, sof Papa a; ni pèsòn pa konnen Papa a, sof ke Fis La, ak nenpòt moun ke Fis La vle revele Li menm.
Paske koulye a nou wè twoub, konsi nan yon glas, men answit nou va wè fasafas. Koulye a m konnen yon ti pati, men answit, mwen va konnen tout bagay menm jan ke Bondye konnen tout bagay de mwen an.
Men jan sa ekri a: “Bagay ke zye pa wè e zòrèy pa tande, ki pa janm antre nan kè a lòm; tout sa Bondye prepare pou sila ki renmen Li yo.”
A mwen menm, pi piti pami tout sen yo, gras sa a te bay, pou preche a pèp etranje yo, tout richès ensondab a Kris yo.
Alò, chè zanmi yo, nou se ti moun a Bondye, epi li poko fin devwale ki sa n ap ye. Nou konnen ke lè Li parèt nou va tankou Li, paske nou va wè Li menm jan ke Li ye.