Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




1 Korent 11:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Paske si yon fanm pa kouvri tèt li, kite li koupe cheve l tou. Men si se yon dezonè pou yon fanm koupe cheve li, oswa pase razwa nan tèt li, kite li kouvri tèt li.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Si yon fanm pa kouvri tèt li, li ta mèt tou koupe cheve l tou. Enben, si se yon wont pou yon fanm koupe cheve l ou ankò pou l kale tèt li, se pou l kouvri tèt li tou.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Si yon fi pa vle kouvri tèt li, li mèt tou kale l. Men si se yon wont pou yon madanm kale tèt li, se pou l mete yon bagay pou kouvri tèt li.

Gade chapit la



1 Korent 11:6
5 Referans Kwoze  

Konsa, prèt la va fè fanm nan kanpe devan SENYÈ a, kite très cheve tèt a fanm nan vin desann, mete ofrann sonje a nan men li, ki se ofrann sereyal jalouzi a, pandan prèt la kenbe dlo anmè ki pote madichon an.


Paul, apre li te rete pandan anpil jou ankò, te kite frè yo pou te monte sou lanmè a pou rive Syrie, e avèk li te gen Priscille ak Aquilas. Nan Cenchrées li te fè yo pase razwa sou cheve tèt li, paske li t ap swiv yon ve.


Men chak fanm ki kite tèt li dekouvri pandan l ap priye oubyen pwofetize, dezonore tèt li. Paske li vin menm jan avèk yon fanm ki pase razwa nan tèt li.


Paske yon gason pa ta dwe kouvri tèt li akoz ke li se imaj ak glwa a Bondye, men fanm nan se glwa a gason.


“Yon fanm pa pou mete rad gason, ni gason mete rad fanm. Lè yon moun fè bagay sa a, yo abominab a SENYÈ Bondye nou an.