1 Korent 10:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, kite sila ki panse li kanpe a fè atansyon pou li pa tonbe. 1998 Haïtienne Se sa k fè, moun ki kwè li byen kanpe a, pito li veye kò l pou l pa tonbe. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Se pou moun ki panse yo kanpe fèm veye zo yo pou yo pa tonbe. |
A la beni se sila ki toujou gen lakrent Bondye a! Men sila ki fè kè l di, va tonbe nan malè.
“Pou sa, okipe nou de jan nou tande. Paske nenpòt moun ki genyen, se plis k ap bay a li menm; e a sila ki pa genyen an, menm sa li sipoze li genyen an va rache soti nan men li.”
Se sa li ye; yo te kase akoz de enkwayans yo, men ou kanpe pa lafwa ou. Pa vin fè pretansye, men gen lakrent.
Veye ke pèsòn pa fè nou prizonye atravè filosofi ak fo manèv, pa tradisyon a lòm yo, nan prensip de baz mond lan, olye de pa Kris.
Konsa, nou menm, byeneme yo, ki konnen sa davans, rete vijilan pou nou pa pote ale pa erè a moun san prensip yo, e tonbe kite pwòp fidelite nou.