Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




1 Korent 1:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Èske Kris la vin divize? Èske Paul te krisifye pou nou? Oswa èske nou te vin batize nan non Paul?

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Nan kondisyon sa a, Kris la genlè divize? Eske se Pòl yo te kloure sou kwa a pou nou? Osinon, eske se nan non Pòl yo te batize nou?

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Kris la pa ka divize nan ti gwoup isit ti gwoup laba. Èske Pòl te mouri sou lakwa pou ou? Èske se nan non Pòl ou te batize?

Gade chapit la



1 Korent 1:13
15 Referans Kwoze  

Konsa, ale fè disip a tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an.


Yo t ap batize pa li menm nan lariviyè Jourdain an pandan yo t ap konfese peche yo.


Epi li te kòmande yo pou batize nan non Jésus Kri. Alò, yo te mande li pou rete la avèk yo pandan kèk jou.


Lè yo te tande sa, yo te batize nan non Senyè a Jésus Kri.


Pierre te di yo: “Repanti e ke chak en de nou vin batize nan non Jésus Kri pou padon a peche nou yo, e nou va resevwa don Lespri Sen an.


Paske Li potko tonbe sou okenn nan yo. Yo te sèlman batize nan non Senyè a Jésus.


Pou rezon sa a Kris te mouri , Li te resisite, e Li te viv ankò, pou Li te kapab Senyè pou ni sa ki mouri ak sa ki vivan.


pou okenn moun pa ka di ke nou te batize nan non mwen.


Epi yo tout te batize nan Moïse nan nyaj la ak nan lanmè a;


Paske si yon moun vini pou preche yon lòt Jésus, ke nou menm pa t preche, oswa nou resevwa yon lòt lespri ke nou pa t resevwa, oswa yon lòt levanjil ke nou pa t aksepte, nou ase tolere sa.


ki pa vrèman yon lòt, men sèlman gen kèk moun k ap twouble nou e ki vle defòme levanjil a Kris la.


yon sèl Senyè, yon sèl lafwa, yon sèl batèm,


ki te bay tèt Li pou nou, pou rachte nou de tout zèv malveyan, e pirifye pou tèt Li yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, ki zele pou fè bon zèv.